Kijan pou m ranpli fòm demann Renouvèlman an?
Kou nou voye mande w pou fè renouvèlman an, tanpri konekte sou kont entènèt ou an sou (https://portal.floridakidcare.org) epi ranpli enfòmasyon ki manke yo epi mete nenpòt enfòmasyon ki pa kòrèk ajou. Si ou genyen nenpòt kesyon tanpri rele depatman sèvis kliyantèl gratis nou an nan 1-(888) 540-5437. Reprezantan sèvis kliyantèl yo disponib lendi jiska vandredi depi 7:30 dimaten jiska 7:30 nan aswè (Lè Lès).
Kijan mwen ka detèmine si mwen pa elijib pou kontinye resevwa Healthy Kids Laflorid È KidCare si patwon m bamwen asirans lasante?
Si patwon w la ofri kouvèti asirans pou pitit ou e sa li koute w lan pli wo pase 5 pousan salè ke fanmi an resevwa pa mwa avan enpo an kay la, alekile fanmi an ka toujou elijib pou resevwa Healthy Kids ak KidCare Laflorid la. Fòm renouvleman pr'al mande w si patwon w lan ofri kouvèti asirans pou pitit ou, nan ka sa konbyen li koute.
Pou fanmi Health Kids yo , si pri an pli wo pase 5 pousan salè ke fanmi an resevwa pa mwa avan enpo an kay la, alekile fanmi an ka toujou elijib pou resevwa Healthy Kids ak KidCare Laflorid la pou yon frè prim ki diferan.