Florida Healthy Kids

Press

Healthy Kids Press Contact,
Ashley Carr, Chief Marketing Officer,
(850) 701-6160, [email protected].

10/03/2024
English + Español + Kreyul

Konsèy Administrasyon Florida Healthy Kids la Apwouve Èd Kidcare te bay Aprè Ouragan Helene nan

TALLAHASSEE, Fla - Konsèy Administrasyon (Board of Directors, BOD) Kòporasyon Florida Healthy kids, doktè Stephanie Haridopolos ap dirije nan non CFO Jimmy Patronis lan, te apwouve desizyon pou ofri yon èd finansyè ak administratif bay fanmi sa yo Ouragan Helene nan afekte yo. Èd sa aplikab pou fanmi k ap viv nan nan 22 konte nan Florida a Ajans Federal pou Jesyon Ijans (Federal Emergency Management Agency, FEMA) lan deziyen kòm fanmi ki elijib pou resevwa yon asistans endividyèl.

Yon fason pou ede fanmi yo aprè tanpèt la, Kòporasyon an dakò pou l kouvri 100% pèman ki elijib pou mwa Oktòb la nan kad kouvèti Novanm nan. Y ap akòde yon mwa asistans pèman adisyonèl pou moun ki kontakte Sant Apèl Florida Kidcare la pou eksprime bezwen yo. Ni manm ki enskri nan plan ki sibvansyone yo, ni sila ki enskri nan plan pèman konplè yo konsène.

Anplis asistans pèman chak mwa a yo ofri a, fanmi ki gen renouvèlman ki pwograme pou mwa Septanm ak Oktòb la ap gen yon delè siplemantè – jiska 30 Novanm – pou yo konplete pwosesis renouvèlman yo a.

"Lè m ap vwayaje atravè eta a, mwen rive konstate avèk pwòp je m dega ak destriksyon Ouragan Helene nan lakoz epi mwen konnen defi zanmi ak vwazen nou yo ap konfwonte pou yo simonte sa," CFO Jimmy Patronis te deklare. "Nan moman difisil sa a, li enpòtan pou nou mete tèt nou ansanm epi pou nou fè tout sa n kapab pou n ede fanmi yo kanpe sou pye yo ankò. Kounye a, mwen fyè pou m anonse genyen plizyè milye fanmi pwoblèm yo diminye pandan yo toujou ap fè efò pou repare dega tanpèt la kreye nan lavi yo"

N ap sipòte avèk tout kè nou sila yo ki sibi enpak Ouragan Helene nan, epi fanmi Florida Kidcare yo kapab konte sou nou pou pèmèt timoun yo benefisye kouvèti medikal yo gen bezwen pandan y ap travay pou restorasyon ak retablisman pwòp tèt yo" Prezidan Konsèy FHKC a, Stephanie Haridopolos te deklare.. "Mezi ki pran jounen jodi a ofri yon asistans imedya ak sila yo ki nan bezwen, epi mwen genyen CFO Patronis anpil rekonesans pou sipò espontane ak pèmanans li nan kad efò sa yo."

Antou, plis pase 48,000 timoun ap viv nan 22 konte yo idantifye yo, sa ki reprezante plis pase 25% popilasyon total Florida KidCare (eksepte Medicaid). Pri kouvèti pou pèman mwa Oktòb yo ki anile a estime a $2,300,000.

Konsènan Florida Healthy Kids Corporation
Florida Healthy Kids Corporation se yon patenarya piblik-prive san bi likratif ki te kreye pa Lejislati Florid la pou elaji aksè ak asirans sante abòdab, ki santre sou timoun. Sosyete a ap dirije Florida Healthy Kids (healthykids.org), yon pwogram asirans maladi ak dantè konplè pou timoun ki gen laj 5 lane pou rive 18 lane nan Florid. Sosyete a bay sèvis maketin, sèvis kliyan ak sèvis administratif pou Florida KidCare tou.