Florida Healthy Kids

Kesyon Yo Poze Souvan (FAQ) sou Korespondans Elektwonik

Kisa yo rele korespondans elektwonik?

Korespondans elektwonik vle di ou kapab chwazi resevwa lèt ou yo elektwonikman sou kont anliy ou an olye pou w fè yo voye lèt sou papye ba ou. Chak fwa nou voye yon mesaj ba ou, w ap resevwa yon imèl k ap di ou konekte sou kont anliy Florida KidCare ou a pou wè korespondans ou an.

Kijan pou m enskri pou resevwa lèt mwen yo elektwonikman?

Pou kòmanse resevwa avètisman pa imèl sa yo ak sispann resevwa kourye sou papye, tanpri konekte sou kont anliy Florida KidCare ou a. Toudabò, verifye adrès imèl ou kòrèk. Apre sa, verifye ou chwazi “elektwonik (electronic)” nan “preferans pou kominikasyon (communications preference).”

Mwen poko gen yon kont Florida KidCare anliy. Kijan pou mwen kreye youn?

Si ou pa gen kont, kreye youn se yon bagay fasil! W ap bezwen nimewo kont familyal Florida KidCare ou a ak nimewo Sekirite Sosyal ou. Antre enfòmasyon sa yo nan espas pou Nouvo Itilizatè a (New User box) epi klike Enskri (Register) pou kòmanse. Lè ou fin konekte, verifye adrès imèl ou kòrèk. Apre sa, verifye ou chwazi “elektwonik (electronic)” nan “preferans pou kominikasyon (communications preference).”

Mwen poko resevwa korespondans elektwonik toujou. Kisa mwen mal fè?

Si ou konfime adrès imèl ki nan kont ou an kòrèk, epi ou konfime ou chwazi “elektwonik (electronic)” nan “preferans pou kominikasyon (communications preference),” men ou poko ap resevwa lèt ou yo sou kont anliy ou an toujou, tanpri rele Florida KidCare nan 1-888-540-5437 pou yo ede ou.

Poukisa sibitman mwen kòmanse resevwa imèl k ap mande mwen konekte sou kont mwen an pou li lèt?

Lè ou te fè demann pou Florida KidCare, ou te mande resevwa lèt elektwonikman. Kounye a kòm opsyon sa a vin disponib, ou pwal otomatikman resevwa mesaj sou kont ou an san ou pa fè anyen. Si ou swete sispann resevwa lèt ou yo elektwonikman, tanpri konekte sou kont ou an epi chwazi “lapòs (mail)” kòm “preferans pou kominikasyon (communications preference).” Ou kapab rele 1-888-540-5437 tou pou asistans.

Èske mwen kapab enskri nan korespondans elektwonik epi resevwa lèt mwen yo pa lapòs kanmenm tou?

Non – ou dwe chwazi resevwa korespondans ou pa lapòs oswa sou kont anliy ou an. Ou kapab chanje lide nenpòt ki lè epi chwazi lòt opsyon an lè ou konekte sou kont ou an oswa rele 1-888-540-5437.