Se yon lis jeneral sou benefis dantè nou ofri dapre plan Healthy Kids la. Fanmi yo ap resevwa plis
enfòmasyon an detay nan men plan asirans dantè pitit yo yon fwa yo enskri.
Nan plan asirans dantè Florida Healthy Kids la genyen:
Sèvis pou prevansyon
- Vizit nan klinik
- Netwayaj/Pwofilaksi
- Aplikasyon fliyò dirèkteman yon kote byen detèmine, limite a youn chak sis mwa
- Mastik, limit yo se yon aplikasyon pa dan chak 3 an
- Aparèy pou kenbe espas
Konsiltasyon nan bouch
- Premye konsiltasyon nan bouch
- Konsiltasyon nan bouch detanzantan, limit lan se youn chak 6 mwa
Radyografi
- Peryapikal entra-oral
- film doktè mete ant 2 ranje dan yo pou fè radyografi dantè, limit lan se youn chak 6 mwa
- Yon gwoup radyografi konplè, limit lan se youn chak 3 mwa
- Radyografi panoramik, limit lan se youn chak 3 mwa
Sèvis restoratif (plonbe dan epi mete kouwòn) – Tretman an ka egzije otorizasyon davans
- Restorasyon amalgam (plonbe dan ak ajan)
- Restorasyon ak siman dantè/rezin (plonbe dan ak materyèl blan)
- kouwòn prefabrike ann asye
- Kouwòn
Operasyon nan bouch (rache dan) – Tretman an ka egzije otorizasyon davans
- Rache dan
- Biyopsi
- Operasyon pou tretman maladi
- Frakti, defòmite ak defo
Sèvis andodontik (kannal radikilè) – Tretman an ka egzije otorizasyon davans
- Terapi kannal radikilè nan premye dan ak dan pèmanan
- Apikotomi, operasyon nan chouk dan
Sèvis parodontal – Tretman an ka egzije otorizasyon davans
- Netwayaj jansiv, yo bay anestezi lokal pou fè li
- Operasyon nan jansiv pou ekspoze zo machwa yo
- Retire kras nan jansiv ak netwayaj sifas chouk dan
Pwostodontik ou kapab retire (Danti) – Tretman an egzije otorizasyon davans
- Danti anwo, danti anba oswa danti konplè, limite a yon sèl pandan tout lavi pou sèvis òtodontik pou timoun
(aparèy otodontik) – Tretman an egzije otorizasyon davans
- Sèvis yo limite a sikonstans kote maladi timoun lan kreye yon enkapasite oswa andikap nan devlòpman fizik
yo. Pou kouvri pou rezon kosmetik.
Analjesik ak Sedasyon – Tretman an egzije otorizasyon davans
- Bay yon timoun yon medikaman pou yon timoun ka sispann santi doulè tanporèman.
- Limite a timoun ki gen andikap fizik oswa mantal grav oswa difikilte pou debouye yo. Sèvis la limite a 3 fwa
chak 12 mwa
- Bay medikaman nan venn
- Bay medikaman san se pa nan venn, limit la se 3 fwa pa ane
Medikaman an piki
Tretman pou tanpere sentòm maladi
- Kouvri sèvis ki nesesè pou soulaje doulè ak malèz nan kadijans.
Ospitalizasyon – Tretman an egzije otorizasyon davans
- Ospitalizasyon pou tretman dantè kouvri sèlman si lasante yon timoun tèlman nan danje yo pa ka fè pwosedi yo
san danje nan klinik dantè a; epi/oswa, yo tèlman pa kapab kontwole timoun lan poutèt enstabilite emosyonèl
oswa devlòpmantal epi sedasyon